Bonswa Mezanmi
Tout moun Alawonnbadè, lizay
Konstri nan zòn arisk eboulman, efondreman, sou falèz se yon malè pandye e malè pa gen klaksòn. Li pap avèti w, evite miyò...
Pou fè swit ak piblikasyon video sou Bamboo kreyol tv ak lot medya rezo sosyal yo kote Merès Sherley SAINTIL sou konstŕiksyon ki jwenn otorizasyon lameri nan espas ak teren malè pandye nan vil la tankou : anwo falèz bodmè a, nan do delko kot Tant Sienne lan ri Drapo, pou site sa yo , elatriye.
Manb Katèl Delegevil Ansavo a ki te konstate sa moman fèt patwonal 2025 la menm jan ak Merès la pran menm pozisyon pou denonse, mande kanpe ak dezankouraje move konpotman ki alabaz Jan deriv sa yo kap konpwomèt sekirite moun yo.
Yon espas ki konstwi sou yon move pant nan yon zòn falèz ka mete lavi mèt li arisk e lavi lot moun kap kolabore ak li an danje sou yon fòm kou sou yon lot... anplis nou konnen byen Ansavo se yon vil a gwo risk sismik ak deboulonnnay teren.
Si youn nan majistra komin lan ta mande nou kanpe yon konstriksyon li jije ke pozisyon li pa bon, li riske se pou byen moun lan e si moun sa a ta gen yon otorizasyon legal lameri; administrasyon kominal la ka chèche ansanm ak li yon lòt kote ki pi apwopriye pou sa ak pou sekirite li. Li enpotan pou nou pito kolabore ak desizyon ki pran e ki pap mete andanje ni vi nou ni byen nou pou byen komin lan olye endiferans paske se nan enterè moun lan li ye menmsi enterè a pata imedya poutan nou ka rive konprann mye e konstate desizyon an se te pou pwoteje lavi nenpot ki moun ki ta santi li leze nan sans saa.
Katèl Delegevil la ankouraje tout moun alawonnbadè kap bezwen jwenn otorizasyon pou fè yon konstriksyon kelkonk (gerit biznis, kay abitab) pou tèt pa nou dwe gade byen e reyalize si kote yap ban nou an apwopriye pou sa nou va bezwen fè a konsa nap pibyen antann nou nan vil la ak Responsab yo kap administre komin lan.
Manb Katel Delegevil la denonse tout sa ki fèt e ki fèt mal yo e ki ka alavni pral mete lavi sitwayen yo ak byen yo an danje e
dekouraje tout moun kontinye nan menm apwoch konstri arebò falèz nan vil la.
Byen pou nou chak
Byen pou nou tout ansanm
Ann nou antann nou sou tout sa ki byen, ki bon, e kap fe belte pou Ansavo.
IngénieurieMAAVactivée
Pou otantifikasyon
Katèl Delegevil Ansavo a