Nan kad chanpyona foutbòl CSP (Comité Sportif de Perrien) ki ap dewoule nan lokalite Perrien, Anse-à-Veau, Depatman Nip, yon match chaje ak tansyon te mete fas a fas de ekip ki soti nan zòn vwazen yo: Ekip Ano ak Ekip Bakonwa
Apre yon rankont ki te chaje ak emosyon, taktik, ak gou rivalite lokal, se Ekip Bakonwa ki soti ak viktwa a, gras ak yon gòl inik ki make pandan premye mitan an. Gòl sa a te sifi pou mete yo devan epi garanti 3 pwen enpòtan nan klasman chanpyona a.