Rezime Aktivite ki te fet pandan Fet St Anne Ansavo mwa jiyè 2025


 Anse-a-veau 


Bonjou / Bonswa tout moun Alawonnbadè

Lizayyy, long ak respè...


Nou te vle fè remake lane saa selebrasyon fèt patronal vil Ansavo a te lanse, komanse depi 1er jiyè avek yon anbyans aktivite sosyorelijyez ki te gen 3 pati rive jouk Selebrasyon Mes 26 jiyè a ki te mete fidel katolik yo sou pik yo, motive lafwa yo, pote chalè gete lakay pou akeyi jou selebrasyon fet la swivan enfo kleje legliz la patikilyèman Reverend Curé, Mgsr Louis Wesley Mérosné te anonse, byen.


Nap fe remake pipre fet la,  te gen yon aktivite sosyoentelektyel nan Bibliyotek Minisipal DNL Ansavo a  kote nou te gen chans asiste final konkou ki déjà sou rezo yo #Bourad" te oganize anba tèm ak refleksyon : 

"Je pense dont je construis l'avenir" Se te vreman enteresan avek #MC #Abigaelle kote 4 Jen pwometez, bel tet, ki fè fyete paran yo, lekol yo, ak valè kominote a. Yo charye anpil lide lespwa lavni. Yo reprezantativ e Ansavo ka komanse konte sou yo. Youn ladan yo se te elèv mw : Louinie Telisme, Nou felisite gayant konkou a ki se #Bersuze evreman tout patisipan yo se te deja ganyan paske yo te fe pati aktivite refleksyon sila.

Nou apresye e ankouraje inisyativ ekip #Bourad la e nou ta konseye : fe yon koleksyon livrè ak lide refleksyon 4 finalis yo pou soumet refleksyon lide yo ak kek enstitisyon pa koutwazi tankou : TC, MAAV, VD ak DD elatriye.

Inisyativ silaa ap kenbe Jèn yo eveye nan aprantisaj yo e pemet yo apwofondi konesans yo pandan nap raple Ansavo te tj gen pyonye Jan inisyativ parey men koulyaa ki pi estanda e vilgarize moman sa yo ak rezo yo, Nou ankouraje kenbe flanbo relèv la e lot gwoup anko...


Ansavo 26 jiyè 2025 saa  selebre yon " Messe grandiose", wololoy avek prezans selebran prensipal la : Son Eminence le Cardinal

haïtien Chibly Langlois.

Kote li te mete aksan sou lonè ak respè pou granmoun yo , ansyen yo e kesyonman li kite pou nou: kiša nap kite pou generasyon kap vini yo...? konsa nou dedwi eske dirijan nou yo fe lonè ak respè zansèt nou yo kom grandèt.? Ewo mati ki kite peyi saa pou nou ... Nou dwe fyè de zanèt yo

E kiša dirijan nou yo deside kite pou pèp saa ? Eske se Selman lamizè, chomaj, ensekirite tout kalte, teritwa pèdi, ak mouche lanmò... ? Kiša nap fè pou noou chanje saa e.pote lespwa ak espérance nan dezespwa pep Ayisyen an ki pa wè ni anwo ni anba ni devan ni deyè , monte desann agoch adwat , kap viv yon ma Swift san konn pouki. ? E poukilè nou la , kilè nap soti. ? Kijou lesppwa lavi va. Komanse boujonnen e reprann eskanp figii li sou peyi a ak pep vanyan sa? Hmmm

Nou te remake nan asistans lan anpil pesonalite, otorite nasyonal,  depatmantal tankou lokal.

Mesaj sikonstans lan mande pou nou moun de byen e fe sa ki byen pou jenerasyon kap vini yo ka fe louanj pou dirijan ki responsab yo, site non nou an byen menm sa ki devyan yo bezw fe sa ki byen


E nou taka atire atansyon sou kek zotobre ki te la : Minis zafè Etranje ak Kilt la, Delege Depatmantal la

Les autorités policières et judiciaires du département.

_ Les Agents interimaires de la commune et d'autres avoisinantes. 

_ D'autres personnalités de la société civile du département et de la diaspora Anse-à-velaise.

_ Une délégation de presque 120 Prêtes d'horizon divers du pays etaient présents pour participer à cette Célébration de Messe Eucaristique. Mgsr Louis Merosne dil:"Nou pa dyolè men se nou ki fèl" pou fè rirrre e se te enteresan, atansyone. #Bravo., Yon gwo kout chapo pou kleje legliz la, anpil Respè pou Curé LWM

Gen yon Bonne nouvelle pou kominote legliz la ak sou depatman Nip la e pou peyi a : Eveqie  PAD ta renmen prezan avek nou lane pwochèn pou fete avek fidel legliz yo selebrasyon Mes 2026 @super fans

*

Enregistrer un commentaire (0)
Plus récente Plus ancienne