AJSA pare pou 1/4 de final nan Pak ADA Lazil.
Chanpyona 2èm edisyon an ap vin pi cho chak jou, epi demen 18 Août, tout je ap fikse sou Pak ADA Lazil kote ekip AJSA ap jwe nan faz ¼ de final la fas ak All stars ki sòti Petitwou de Nip. Se yon randevou ki make yon etap enpòtan pou jèn jwè sa yo ki soti ak anpil detèminasyon nan premye tou yo.
Ekip AJSA deja montre nan match yo pase yo ke yo gen yon bon kolektivite, yon disiplin taktik solid epi yon atak ki ka kreye diferans lan nan nenpòt moman. Sipòtè yo ap tann anpil de AJSA pou match sa.
Match ¼ de final sa a se pa sèlman yon opòtinite pou AJSA fè yon gwo kou, men li kapab ouvè pòt pou yo rive nan demi final, epi, poukisa pa, vize final la menm. Antouka, presyon an ap gwo, men moral ekip la wo e yo parèt deja pare pou batay pou komin Ansavo.
Tout randevou la fikse demen 18 Août nan Pak ADA Lazil, kote pasyon foutbòl lokal la ap pran tout plas li. Rès la se tann pou wè si AJSA ap kontinye ekri bèl paj nan istwa chanpyona sa a.