Aken, Ayiti – Jonathan, yon jèn gason ki soti nan Kanapevè, te jwenn liberasyon li jodi 10 août 2025 apre li te pase kèk tan anba kòd.
Dapre enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon an, komisè pakè Aken an te òdone arestasyon Jonathan paske li te jwenn li san kat idantite pandan yon kontwòl. Jèn gason an, ki gen cheve an “dread” ak plizyè tatoo sou kò li, te transfere nan komisarya a pou tcheke dosye li.
Apre verifikasyon yo, otorite yo pa t jwenn okenn lòt chaj kont li, e yo deside lage l nan maten jounen 10 août la. Evènman an soulve plizyè reyaksyon sou fason otorite yo trete moun ki pa gen kat idantite sou yo, sitou lè sa rive nan sikonstans ki ka fè yo sibi prejije.
Jonathan, ki kounye a retounen lakay li, di li swete eksperyans li a ka sèvi kòm rapèl pou lòt jèn yo toujou pote idantifikasyon yo sou yo pou evite sitiyasyon konsa.