Dall Zakary : Atakan ki fè pale de li nan chanpyona vakans yo
Nan chanpyona vakans yo ane sa, gen yon non ki toujou tounen nan bouch moun k ap suiv foutbòl lokal la : Dall Zakary. Atakan sa a ap viv youn nan pi bèl moman nan karyè li, ak yon fòm ekstraòdinè ki fè defans yo toujou sou gad yo.
Zakary pa sèlman yon jwè ki rete fidèl ak yon sèl ekip pandan sezon sa ; li se yon veritab atout ofansif pou plizyè klib. Li deja pote kontribisyon li nan Flèche Noire nan Mirabel, kote li te ede ekip la ranfòse liy atak li yo. Sou pak ADA, li mete koulè AJSA an valè ak gòl enpòtan ki souvan chanje so match yo. E menm nan koup Meday Ano, li te fè diferans ak FC Nougues,li pote koulè Van vire nan mondyalito Jakmèl la tou,li montre kapasite li pou adapte l rapid ak diferan estil jwèt.
Sa ki fè Dall Zakary espesyal, se prezans li nan moman kle yo. Kit se nan premye minit yo oswa nan fen match, li toujou pare pou pran yon chans, fè yon aksyon ki fè pès yo leve kanpe. Li gen yon bon vizyon jwèt, yon pye dwat presi, epi li konn sèvi ak vitès li pou depase defansè yo san pitye.
Ane sa a, Zakary se plis pase yon jwè : li se yon modèl detèminasyon pou jèn yo nan kominote a. Tout kote li pase, li pote enèji pozitif,malgre gen moman difisil yo tou,li motive ekip li, epi li montre ke pasyon ak travay di toujou bay rezilta.
Si li kontinye nan menm ritm sa a, pa gen dout non Dall Zakary ap make istwa chanpyona vakans yo pandan lontan.
📝Brutus Lafontant