Yon gwo chanjman fèt nan sistèm jidisyè a nan Pòtoprens. Mèt Frantz Monclair, ki t ap okipe pòs Chèf Pakè Pòtoprens, pèdi plas li apre yon desizyon ki sòti dirèkteman nan Ministè Lajistis.
Daprè yon korespondans ofisyèl Ministè a voye bay konsène a, desizyon an pote dat madi 19 dawout 2025. Mèt Monclair te vin tounen yon non ki sou bouch anpil moun apre liberasyon ansyen Senatè Nippes la, Nenel Cassy, yon liberasyon ki te soulve anpil deba nan opinyon piblik la.
Nan plas li, otorite yo nonmen Guy Alexis, ansyen Komisè Gouvènman nan Kwadèboukè. Avèk eksperyans li nan sistèm jidisyè a, gouvènman an espere Alexis ap pote plis estabilite nan fonksyon Pakè Pòtoprens nan, nan yon moman kote sitiyasyon sekirite ak jistis nan kapital la ap soulve anpil kesyon.
Pou anpil obsèvatè, chanjman sa a montre kijan gouvènman an ap chèche gen plis kontwòl sou enstitisyon jidisyè yo, sitou nan dosye ki sansib anpil. Rete pou n wè kijan nouvo chèf pakè a ap jere misyon li nan yon konjonkti ki difisil pou peyi a.
📌 Sous: Passion Info Plus