🚨 Kamyon Gaz Bloke nan Mòn Karaté, Sitiyasyon Kreye Panik nan Zòn nan


 Yon gwo kamyon gaz bloke nan wout ki pase nan Mòn Karaté, yon aksidan ki lakòz anpil sitirasyon difisil pou chofè ak moun k ap sikile nan zòn nan. Daprè temwayaj, kamyon an te vin bloke pandan l ap monte pant lan, sa ki mete tout sikilasyon an nan difikilte.


Depi nouvèl la gaye, plizyè moun nan kominote a ak nan lokalite ki pi pre yo te prese vini ak galon, bokit, ak lòt resipyan nan eseye pran gaz nan kamyon an. Yon sitiyasyon konsa soulve anpil enkyetid sou sekirite popilasyon an, paske yon ti etensèl ta ka lakoz yon gwo eksplozyon nan moman sa a.


Autorite yo poko bay okenn reyaksyon ofisyèl sou jan pou jere sitiyasyon an, ni pa gen prezans fòs sekirite oswa ponpye sou plas pou mete lòd.


Mòn Karaté se youn nan pwen ki pi difisil pou kamyon lou travèse, e sa montre ankò fragilite transpò ak risk ki genyen chak fwa kamyon gaz yo oblije pran chemen sa yo.


Bamboo Kreyòl TV ap kontinye swiv evolisyon dosye a pou pote plis detay bay popilasyon an.


*

Enregistrer un commentaire (0)
Plus récente Plus ancienne