Yon avoka ki rele Mark Zuckerberg, menm jan ak PDG Facebook la, fè konnen li pote plent kont konpayi an akoz yo toujou efase chak paj li kreye sou rezo sosyal la.
Avoka a deklare: « Mwen fèt anvan PDG Facebook la, sa vle di mwen se premye moun ki te pote non sa. Sepandan, chak fwa mwen kreye yon paj sou non mwen, yo konn efasel kòm si se yon lòt moun ki ta ap eseye imite PDG la. »
Pou li, sitiyasyon sa a se yon tray ki vyole dwa li genyen kòm sitwayen ak kòm pwofesyonèl. Se poutèt sa li deside trennen konpayi an devan lajistis pou chèche jistis ak reparasyon.
Ka sa deja atire anpil atansyon paske li mete kesyon sou fason Facebook jere idantite moun ki pataje menm non ak figi piblik yo.