BIOGRAPHIE de MR BIZOE


 BIOGRAPHIE de MR BIZOE (Resume)


MRBIZOE (prononse: Mistè Bizo) se on atis chantè Afro, Raboday, rapè, ak anpil lòt tandans. Li te fèt nan Potoprens, bon non li se Evenson Moise, aka Ti nonm Vigè a. Li grandi BIZOTON 53, Kafou. "E" ki nan BIZO a se pou prenom li, Evenson. Tout karyè atistik li baze sou Titrou nan Nip depi 2017 pou Ayiti, kote papal ak manmanl soti, Majesté Moise, Vigueur ak Solita Saintil ke depi pito li te tonbe damou pou zone saa san ezite. 


MRBIZOE ap viv New York depi 2007. Li fè 5 lane nan lame Ameriken ki koz tou karyè li te vinn plus an Reta. Pi devan se pral obstak fanmi… Men MRBIZOE toujou renmen peyil. Li ankadre plizyè atis lakay li depil te fèk ap komanse ak tèt pal paske okenn lòt atis pat janm fèl avan. Poutan anpil lòt atis pat vle moun Pòtoprens konnen se an deyò yo soti pou yo pa minimize yo. Men MRBIZOE pat Pè pou sa li deja, li pati avan tout atis popilè yo a 80% Si yo komanse fèl se lè yo vinn blow up, tankou blan an di: Eklate!


Mizik ak football se 2 pi gwo pasyon MR BIZOE depi piti. Nan epòk King Posse ak ORS li te konn ap entèprete “Blòf” pou Top Adlerman nan Bergamot kote yo te grandi. Li te fò nan entèprete tout gwo atis yo tankou Sean Paul, Buju, Wyclef, Back street boys, Ncync, Garou, Céline Dion, Lucky Duby…


Li komanse ofisyèlman an 2012 ak cover mizik anglè  tankou "LET'S GO", “OBSESSION” ki sou YouTube li. Menm ane a li vinn kontre ak Prodisè tankou Fatbeat ak Wilbeat ki se Wil Marozo kounyea ki te nan estidyo Tapajè Records Fantom nan Kotel te travay plizyè projè tankou “King Nip”, “Alimet ak Gazoline”, “Gwo Mato” Remix ak  “Mèt zone Nip, ki se premye video mizik rap atis ki soti nan ba Nip lan ak images zone Nip 100% ki pase nan tout chèn tele nan Potoprins.


MRBIZOE social, li spòtif e li mizikal. Li gen ekip football pal nan Nippes depi 2007 ki te rele FEELING PAM, kounyea ki se FENEL PAM pou onore memwa Kouzen li konpè li kite mouri mal anbaa 2023. Atis sou an ede zone paranl lè katastrof natirel matye ak lè dènye tranbleman tè a ak pandemi COVID la. 


Nan mizik, MRBIZOE kreye Dream Big Records Label, (DBRL), Travay Di Mizik Group (TDMG) ki responsab lèl ap fè program pal Li kreye mouvman ZOENIP, ki vle di Ayisyen ki soti nan Nip. Donk depiw soti nan Nip, kelkeswa janw pranl lan ou son ZOENIP otomatikman kit ou te konn MRBIZOE kit ou pat konnenl. E li vann Nip pase kelke swa atis ki soti nan Nip kit yo popilè ou pa. MRBIZOE fè anpil aktivite mizikal nan Ba Nip lan tankou “NIPSTARZ” 5 Sept. 2017 Kafou Lundi Titrou. 2025 lan 2eme edition an te fèt nan fèt Saint Francois 25 JANVIER ki bay randevou nan menm dat CHAK ANE kounyea. 


MRBIZOE ap konstwi on studio Titrou laa ki a 50% ki rele Marasa Recording Studio (MRS) paskel fè 2 gason marasa. Li pral la pou kreye profesyonèl nan domèn anregistreman son ak mixer ak master etc.


Feblès li kel admèt se ke li pa gen ase mizik video. Li manke jwe tou nan depatman men Daprè li se paske pwomotè yo panse li ka trò chè lè yap panse ak biyè avion etc pou li paske se USA li ap viv. Donk pèfòmans li Pa anpil e li konsyan. Men Li jwe ak Izolan Brooklyn, Blaze One, Brooklyn 2017. Haiti Li jwe ak BlackBoy en Dec 2018 Bizoton 53 nan on program li te fè Kotel te mennen plizyè atis Nip avèl. Li jwe Ano, Ti rivyè, Ansavo. Li jwe tou Tigoave nan place Abèy pou dj Leon ak JkL. Men pi gwo e Premye program li rate se ta pral Haiti ak Tony Mix e Team Kolabo la pli te gate l 29 Avril 2017.


Nan tan resan sa yo nou soti singles tankou: Rabòday “Fanm Pam Nan” feat. VAGLAVI, Reggae “7AC NOU BOUKE” sou problem Haiti yo, Drill “BBOP / BONDYE BANM ON PASS” prodwi pa VIVOBEATS, Afro “FALL IN LOVE” pwodwi pa Vibsadrol, Rap “Sorry”, Epi tou dènyè projè Rabòday nou fèk laa ki se “PAPA TIBÈF” feat G. DOLPH ki son kolaborasyon ki ka rive trè lwen ak sipò chak grenn ZOENIP sou planèt la.


N’ap jwenn mizik atis la sou tout platform ki egziste sou on sel nom ki se @MRBIZOE pou n achte mizik li, tandel e gadel, tankou iTunes, Spotify elatriye. Tout liens yo anbaa nan “Discography & sources” mwen yo. N’ap ka abone avèl tou sou TikTok, FB, YouTube, Instagram etc. sou nom MRBIZOE a tou. Donk sil pot ko blowup se paske ou menm t’ap li biografi li ou pot ko konnen gwo bout pitit Nip saa ki ap travay pou li depi si lontan saa.


Tankou atis la te dil nan mizik video MET ZONE NIP lan : “Nou fèl pour les Nippes, nou fèl pou n al deep…” ak nan mizik PARTY JOUK LI JOU a : “les Nippes jusqu’au bout!”

Zoenip li ye!


Contacts: MRBIZOE@Gmail.com

WhatsApp: +509 33 87 5270 (JeffZoe)

*

Enregistrer un commentaire (0)
Plus récente Plus ancienne