Pandan pasaj siklòn Mélissa, komin Ansavo nan depatman Nip sibi gwo dega apre Gran Rivyè Nip debòde e desann ak fòs san parèy.
Dlo a anvayi plizyè lokalite, kraze pon, inonde jaden, epi kite plizyè fanmi san abri.
Depi nan mitan lannwit, lapli a pa sispann tonbe. Rivyè a, ki te konn tanzantan monte, depase tout limit li e pote ale tè, bèt, ak rekòt peyizan yo.
“Nou pèdi tout jaden nou, dlo pran tout bagay. Sa se premye fwa nou wè rivyè a desann konsa depi plizyè ane,”
deklare yon abitan ki te oblije kouri ak pitit li yo pou chape anba inondasyon an.
Jaden mayi, bannann, manyòk, ak pwa totalman disparèt anba dlo, pandan anpil moun ap dòmi lakay vwazen oswa sou ti kolin. Sitiyasyon an difisil, e plizyè abitan ap rele pou èd ijan nan men otorite yo ak òganizasyon imanitè yo.
Siklòn Mélissa la, ki pote gwo lapli sou plizyè depatman nan peyi a, lage dè milye fanmi nan mizè. Ansavo pami zòn ki plis frape nan Nip, e dega yo sanble grav anpil.
🌿 Gran Rivyè Nip desann ak tout kòlè li.
Ansavo ap konte pèt li yo, pandan dlo toujou ap koule san rete.
📰
Rapòte pa :
Bamboo Kreyol TV







