12 janvye 2010 – 12 janvye 2026 | 16 an memwa
Jodi a fè 16 an depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la te frape Ayiti, li te pote dèy, doulè, ak anpil pèt nan fanmi nou yo. Plizyè milye frè ak sè nou te pèdi lavi yo, anpil lòt te pèdi kay yo, rèv yo, e pafwa menm espwa yo.
Men malgre tout sa, pèp ayisyen an te montre fòs li, kouraj li, ak kapasite li pou leve kanpe ankò. Nou sonje tout viktim yo, nou onore memwa yo, epi nou voye panse espesyal pou tout fanmi ki toujou ap viv ak doulè sa a nan kè yo.
