M. Loubert Horace, yon non ki make listwa edikasyon nan Anse-à-Veau.



 Depi plizyè lane, M. Loubert Horace ap sèvi ak devouman kòm Direktè Lycée National Boisrond-Tonnerre d’Anse-à-Veau. Nan yon domèn ki mande anpil pasyans, disiplin ak sakrifis, li rive make pasaj li nan lavi anpil jèn atravè travay li ak angajman li pou edikasyon.

Pandan ane yo ap pase, anpil elèv, pwofesè ak paran rekonèt efò li fè pou kenbe enstitisyon an sou bon chemen. Avèk sans responsablite li, li toujou chèche ankouraje disiplin, respè ak bon jan fòmasyon pou jenerasyon kap vini yo.

Pou anpil moun nan kominote a, M. Loubert Horace pa sèlman yon direktè lekòl, men li reprezante yon modèl lidèchip ak sèvis. Prezans li nan tèt lekòl la pandan tout tan sa yo montre detèminasyon li pou ede jèn yo jwenn yon pi bon avni atravè edikasyon.

Nan yon epòk kote sistèm edikatif la konn fè fas ak anpil difikilte, gen moun ki kontinye leve kanpe pou sèvi kominote yo avèk diyite. Se pou sa jodi a, atravè ribrik Ewo Lakay, nou rann omaj ak respè ak M. Loubert Horace pou kontribisyon li nan fòmasyon anpil jenerasyon nan Anse-à-Veau. 🙌🏾

📍 Bamboo Kreyòl TV Média

✍️ Steeve nelson Gaspard

🟡🔵 Valorize kominote a, mete limyè sou moun ki kite bon tras dèyè yo.